NEWSLETTER 1 PAIRCC VKREYOL .pdf


Nom original: NEWSLETTER 1 PAIRCC-VKREYOL.pdf
Titre: NEWSLETTER-KREYOL.pages

Ce document au format PDF 1.3 a été généré par Pages / Mac OS X 10.13.6 Quartz PDFContext, et a été envoyé sur fichier-pdf.fr le 04/04/2019 à 20:53, depuis l'adresse IP 92.49.x.x. La présente page de téléchargement du fichier a été vue 219 fois.
Taille du document: 482 Ko (4 pages).
Confidentialité: fichier public


Aperçu du document


AVRIL-ME 2019

PAIRC-C
Pwojè pou Sipòte Entegrasyon Rejyonal Karayib-Klima

Lòt evènman
ki pwograme 
Fòmasyon sou
fason pou
anpeche aktivite
yo kanpe
Lè : soti 24 pou rive
25 avril

Nan ki pwen nou ye ?
UNITE Caribbean se yon ajans ki bay konsèy nan kowoperasyon rejyonal epi
yon operatè k ap egzekite Pwojè pou Sipòte Entegrasyon Rejyonal KarayibKlima (PAIRC-C) avèk yon finansman Ministè Fransè Afè Etranjè (MEAE). Objektif
pwojè PAIRC-C a se ranfòse kapasite rezistans klimatik sou senk teritwa ki pale
kreyòl nan Karayib la yo, ki se : Ayiti, Gwadloup, Ladominik, Matinik ak Sentlisi.
Pwojè a gen twa volè : yon seri misyon asistans teknik, yon seri modil fòmasyon
ak yon platfòm dijital. Pou kounye a, pwojè a ap travay sou kat tematik : touris
dirab, edikasyon sou anviwònman ak devlopman dirab, ekonomi ‘youn antre
nan lòt’ ak dispoziyon pou fè aktivite yo pa kanpe.
Gen de mwa depi yo te òganize seminè ki te lanse rezo PAIRC-C a an Gwadloup.

1

2

TOURIS DIRAD

Edikasyon sou
anviwònman

3
EKONOMI ‘YOUN
ANTRE NAN LÒT’

1

Ki koté : Chanm
Komès la an Matinik
Kiyès : kenz
patisipan ki soti nan
5 teritwa rezo a.

4
Dispoziyon pou
fè aktivite yo pa
kanpe

Nan seminè sa a, manm yo te chita sou kat
tematik yo pou yo pwopoze aksyon ki te dwe
fèt nan zafè asistans teknik ak fòmasyon. Depi
lè sa a, gen plizyè misyon yo voye sou teren,
gen anpil patenarya yo fè ansanm epi gen anpil
reyinyon travay yo fè sou tematik yo ki ede yo
avanse men nan men. Tout aksyon sa a yo fè
nou wè ki jan manm yo angaje epi ki jan patnè
yo enplike nan pwojè a.
Nan semèn ki sot pase yo, UNITE Caribbean te
rive fikse atant ak objektif chak misyon asistans
teknik ak fòmasyon yo epi kounye a, n ap fè
preparasyon pou nou lanse premye misyon asistans teknik ak fòmasyon pou chak aksyon
yo, pa tematik.

Dispozisyon pou fè aktivite yo pa kanpe, nan sektè prive a
Aksyon sa a ap chèche fòme fòmatè pou ede ti biznis yo etabli Plan Pou Aktivite yo Pa
Kanpe (PCA), epi pou fòmatè sa a yo bay fòmasyon an sou teritwa pa yo, nan tèt kole avèk
Chanm Komès ki lakay yo a epi lòt òganizasyon ki konsène (pa egzanp AGERCA, ann Ayiti).
Konsa tou, y ap gen responsablite pou yo ede chèf antrepriz yo finalize epi egzekite PCA yo
a. Se nan Chanm Komès Matinik la fòmasyon fòmatè sa a ap fèt, soti 24 pou rive 26 avril k
ap vini la a, epi se Biwo Nasyonzini pou Rediksyon Risk Katastwòf (UNISDR – Zòn Amerik
Latin ak Karayib) k ap fè fòmasyon an. Nan mwa k ap vini aprè fòmasyon sa a, Chanm
Komès yo ak AGERCA ap òganize fòmasyon nan chak teritwa yo. UNITE Caribbean ap
responsab pou l evalye patisipan yo sou kalite fòmasyon sa a yo.

Ekonomi ‘youn antre nan lòt’
Aksyon ‘ekonomi youn antre nan lòt’ la ap chèche transfòme
yon bagay k ap detwi anviwònman an (fatra plastik) epi fè l
tounen yon pwodui ki gen yon valè ajoute pou l rive kreye yon
lòt sous revni pou kominote lokal yo. Aprè yon misyon ki te fèt
sou teren nan Sentlisi, nan mwa fevriye a, yo te idantifye
kominote La Soufrière la kòm yon kominote pilòt. Espesyalis
PAIRC-C yo pral travay ansanm ak kominote sa a pou yo pwodui
yon etid fezabilite ki adapte ak kontèks li a (yon analiz finansyè,
yon ankèt sou mache) epi yo pral devlope yon gid metodolojik
estanda pou yo ede kèk lòt kominote suiv menm demach la.
Finalman, rezo a pral travay avèk kominote a pou fasilite fòmasyon manm li yo sou
pwosesis transfòme fatra plastik yo pou fè yo tounen bagay ki gen valè epi sou pwosesis
monte pwojè pilòt la.

2

Edikasyon sou anviwònman ak Devlopman dirab
Kòm pa gen anpil zouti pedagojik ki egziste pou edikasyon sou anviwònman ak
devlopman dirab (EADD) epi pa gen anpil estrateji kominikasyon ki adapte ak kontèks
Karayib la, yo te lanse premye aksyon EADD sa a pou te devlope yon malèt pedagojik, ki
t ap genyen yon fim animasyon ak anpil lòt
bagay ladann. Yo t ap simaye zouti pedagojik sa
a yo atravè yon pwogram eskolè epi nan piblik
la pou sansiblize kominote yo sou risk siklòn yo
epi sou rapò yo genyen ak chanjman klimatik.
Men, pou kote nou rive la a, rezo a toujou ap
chèche patenarya finansye li bezwen yo pou li
reyalize aksyon sa a, ki pral bay rezilta n ap
kapab mezire nan kèk ane konsa. Anmenmtan,
gen yon dezyèm aksyon y ap etidye, aprè
seminè Gwadloup la, sou posiblite pou yo ta
fòme jounalis PAIRC-C yo pou yo ka pale sou
pwoblèm chanjman klimatik yo nan medya yo.
Pou kounye a, UNITE Caribbean ak rezo PAIRC-C
a ap diskite ak kèk patnè teknik, kèk patnè
finansye, ak kèk espesyalis rejyonal ak entènasyonal pou yo detèmine domèn
devlopman ki pi adekwa pou sa epi monte fòmasyon sa a.

Touris Dirab
Sektè touris la gen anpil relasyon ak resous natirèl
epi ak anviwònman kote resous sa a yo ye a. Se sa k fè
li gen anpil enpak nou pa ka neglije sou anviwònman
an. Okòmansman, nou te vle fè yon ankèt pou n te
detèmine kritè referans ekolojik pou touris dirab ki
egziste deja nan Karayib la. Epi, avèk ankèt sa a, nou te
vle ekri yon chat pou touris dirab, onivo kominote yo.
pou teritwa PAIRC-C yo. Men, nou te adopte yon lòt
apwòch, pou nou garanti nou ka repwodui aksyon yo
epi pou nou garanti nou jwenn rezilta ki pi dirab. Pou rezo a, jodi a li pi lojik pou
nou fòme pwofesyonèl k ap fonksyone sou chak teritwa yo. Nan moman n ap
pale la a, UNITE Caribbean ap etidye posiblite pou l kolabore ak òganizasyon
rejyonal oswa entènasyonal k ap travay nan touris dirab pou l chèche jwenn bon
jan konpetans teknik pou fòmasyon an. Lè fòmasyon an fini, li konte adopte yon
lis kritè ekolojik sou touris dirab pou teritwa PAIRC-C yo, sansiblize enstitisyon
piblik yo, enplike yo epi fòme pwofesyonèl ki nan sektè a yo.

3

Yon platfòm dijital pou fè echanj, pou pale sou sa
nou fè epi pou enfòme tèt nou

Rezo dijital la se twazyèm volè PAIRC-C a. Li la pou l fasilite
kowoperasyon rejyonal ak echanj ant antite ki enplike nan
pwojè a. Yo espere lè aktè ki nan Karayib yo fòme yon
rezo, sa pral pèmèt lòt pwojè kolaboratif konsa parèt nan
rejyon an. Rezo a ap sèvi ak plizyè lang (anglè, fransè ak
kreyòl ayisyen) epi l ap ede jere konesans epi mete ekspètiz Karayib la an rezo.
Objektif nou se kreye yon rezo dijital ki rezistan, ki ka sèvi pou plizyè bagay, ki adapte
epi kote nenpòt manm ka rantre fasil. Yo prevwa lanse l le 28 jen 2019. Yo gen pou fè
fòmasyon ak manm yo sou jan pou yo sèvi ak zouti sa a apati septanm 2019.

Sa fè nou plezi anpil pou nou kolabore
avèk chak manm PAIRC-C yo epi nou kwè
nou pa ka fonksyone san patisipasyon w.
Toudabò, rezo sa a se pa w  ! Mèsi pou
fason ou enterese fè nou jwenn remak
ou yo, opinyon w yo, ak sigjesyon w yo
pou w ede rezo PAIRC-C a toujou egziste.
Chèf pwojè a, Anissa Zapata, toujou rete
disponib pou li ba ou plis enfòmasyon.
Anissa ZAPATA
azapata@unite-caribbean.com

4


Aperçu du document NEWSLETTER 1 PAIRCC-VKREYOL.pdf - page 1/4
Aperçu du document NEWSLETTER 1 PAIRCC-VKREYOL.pdf - page 2/4
Aperçu du document NEWSLETTER 1 PAIRCC-VKREYOL.pdf - page 3/4
Aperçu du document NEWSLETTER 1 PAIRCC-VKREYOL.pdf - page 4/4


Télécharger le fichier (PDF)




Sur le même sujet..





Ce fichier a été mis en ligne par un utilisateur du site. Identifiant unique du document: 01913918.
⚠️  Signaler un contenu illicite
Pour plus d'informations sur notre politique de lutte contre la diffusion illicite de contenus protégés par droit d'auteur, consultez notre page dédiée.